English Español Tagalog
ATANSYON ! Sit wèb sa a ebèje sou sèvè sekirize EthicsPoint yo epi li pa fè pati sit wèb Fi ni intranèt.

EthicsPoint PA yon sèvis 911 ni yon Sèvis Dijans

Pa itilize sit sa a pou fè rapò sou evènman ki reprezante yon menas imedya sou lavi oswa byen yon moun. Rapò ki remèt atravè sèvis sa a gen dwa pa twouve yon repons imedya. Si w bezwen èd ann ijans, souple kontakte otorite lokal ou yo.

Mètod pou fè Rapò sou Enkyetid oswa Pwoblèm

  • Kontake Sipèvizè Dirèk ou
  • Diskite l avèk Resous Imen ak / oswa nivo direksyon ki pi wo
  • Kontakte nenpòt manadjè ki ka ede w
  • Fè yon rapò bay Vis Prezidan Resous Imen an nan Syèj Sosyal Vi a
  • Rele nan 888-216-3184 (san fre), oswa
  • Seleksyone lyen "Fè yon Rapò" a ki nan tèt paj sit wèb sa a.

Apre ou fin redije rapò ou a, y ap ba w yon kòd inik ki rele yon "kle rapò." Ekri kle rapò ou a ak mòdpas ou a epi kenbe yo nan yon kote ki sekirize. Apre 5-6 jou ouvrab, itilize kle rapò a ak mòdpas la pou verifye rapò ou a pou wè si gen komantè oswa kesyon sou li.

Angajman Nou An

Vi gen yon politik de pòt ouvè ki ankouraje anplwaye yo pou yo soulve nenpòt pwoblèm oswa enkyetid yo gen dwa genyen epi mete ladireksyon okouran. Si w gen kèk enkyetid, ou ta dwe kontakte sipèvizè dirèk ou a, manadjè li a, reprezantan resous imen ou a, oswa nenpòt manadjè ki kapab ede nan rezoud pwoblèm nan. Si w bezwen plis èd, ou gen dwa kontakte Vis Prezidan Resous Imen nan syèj sosyal la.

Vi fè patenarya ak EthicsPoint pou bay anplwaye yo yon lòt fason pou eksprime yon pwoblèm oswa yon enkyetid. Si manyè tradisyonèl pou fè rapò pa bay rezilta nou te swete yo, oswa si w pa santi w alèz pou fè sipèvizè ou oswa yon lòt moun apwòch konsènan pwoblèm nan, ou gen dwa depoze yon rapò sou sit sa a. Ou kapab rele nimewo san fre a tou nan 1-888-216-3184 pou fè rapò sou yon enkyetid. Enfòmasyon ke w bay nan rapò ou te remèt bay EthicsPoint lan konplètman konfidansyèl ak anonim sòf si w ta chwazi pou l pa konfidansyèl.

EthicsPoint pral transfere rapò ou a rapidman bay manadjè apwopriye a nan Vi pou l ka revize l epi mennen yon ankèt sou li nan objektif pou rezoud sityasyon an rapid. Vi p ap tolere menas ni zak reprezay kont okenn moun jis paske yo te fè yon rapò de bòn fwa.